Eksplore biznis lokal yo

Dekouvri biznis lokal yo epi jwenn tout sa w bezwen san pèdi tan
  • Ak yon klik jwenn solisyon w lan
  • Vwayaj
  • Shopping
  • Places
Dekouvri Biznis yo

Jwenn Biznis ou bezwen an nan yon klik

Souvan, lè ou rive nan yon zòn pou premye fwa, ou ka santi w pèdi. Ou bezwen yon sèvis, men ou pa konnen ki kote pou ale, kiyès pou mande, oswa menm kijan pou kòmanse. Pafwa ou oblije mande plizyè moun, fè anpil rechèch, oswa pèdi tan ap chèche san w pa jwenn bon enfòmasyon an. Sa ka vin fatigan, espesyalman lè ou bezwen yon solisyon rapid.

Gen lòt fwa tou, menm lè ou deja nan yon zòn, li difisil pou dekouvri tout biznis ki egziste yo. Anpil bon sèvis rete kache, pandan ou menm ou kontinye ap chèche san w pa jwenn opsyon ki pi pratik pou ou.

Se la E-Konekt vini fè diferans lan. Platfòm nan rasanble tout kalite biznis ki nan zòn kote ou ye a nan yon sèl espas dijital. Li pèmèt ou jwenn sèvis ou bezwen yo fasil, wè opsyon ki disponib, epi kontakte biznis yo dirèkteman san konplikasyon.

Restoran

Jwenn restoran ki ofri bon manje ak sèvis toupre ou

Bar

Dekouvri bar pou bwè, detann ou epi pase bon moman

Fitness

Jwenn espas pou fè egzèsis epi pran swen kò ou

Shop

Jwenn boutik pou achte tout sa ou bezwen chak jou

Vwayaj

Dekouvri sèvis vwayaj pou deplase fasil epi san pwoblèm

Bote

Dekouvri sèvis bote pou pran swen aparans ou fasil

Mat. Konstrisyon

Jwenn materyo pou bati oswa repare kay ou fasil

Lopital

Jwenn lopital pou swen ijans ak tretman medikal toupre ou

Pharmacy

Jwenn famasi pou achte medikaman ak swen sante fasil

Edikasyon

Jwenn lekòl ak fòmasyon pou devlope konesans ou fasil

Makèt

Dekouvri mache pou achte manje ak pwodwi fre fasil

Kenkayri

Jwenn kenkayri pou zouti ak ekipman ou bezwen chak jou

Garaj

Jwenn garaj pou repare machin ou ak sèvis mekanik rapid

Fast Food

Jwenn manje rapid ak bon gou toupre kote ou ye

Teknoloji

Jwenn tous biznis Teknoloji kap edew

Depo Alkol e Gazez

Jwenn bwazo gaze oud nan zon ki pi prew/e alkolize rapi
Repons Imedyat 24/7

Repons rapid pou tout kesyon ou yo

Jwenn repons ak solisyon pou kesyon ou yo nenpòt lè

Konekte ak kliyan w yo vit e fasil.

Klike, kontakte, epi jwenn repons nenpòt ki lè

Kisa nou ofri

Solisyon konplè pou kreye, pibliye ak jere Evenman Ou

Fasilite pou ou, plis opòtinite pou kliyan ou yo dekouvri ak patisipe.

Rete Konekte

Mete biznis ou an kontak dirèk ak moun ki bezwen sèvis ou yo, epi bati relasyon ki dire.

Aji Rapid

Pibliye, mete ajou, epi jere evenman ou fasil san pèdi tan.
E-Konekt

Yon Platfòm Ki Rasanble Biznis ak Itilizatè Yo – Vit, Fasil, Ak Efikas

Jwenn repons ou yo yon sèl kote

Fini pèdi tan ap chèche biznis. Jwenn rapidman sa ou bezwen, wè sèvis yo ofri, epi kontakte yo dirèkteman, nenpòt lè, nenpòt kote.

Ogmante Vizibilite Biznis Ou

Rive jwenn plis kliyan potansyèl fasil ak rapid. Platfòm nou an pèmèt ou prezante sèvis ou yo, kenbe kontak dirèk ak kliyan, epi grandi biznis ou san pwoblèm.

10
Listaj
Aprouve
3
Zòn
an Ayiti
30
Itilizatè
Ki satisfè
Byento Dispo

E-Konekt App disponib Byento

Apliksyon Mobil Ekonekt lan Ap dispo byento